Gwo Nèg se yon antrepriz ke gen yon gwoup jèn ki espesyalize yo nan antrennman ak nitrisyon, mete sou pye nan lane 2017 nan objektif pou ede moun ki ap fè espò nan aktivite fizik yo ak jan pou yo manje.
Gwo Nèg genyen yon paj Facebook ak yon kont instagram pou moun ka suiv nou.
Kisa gwoneg ofri
Gwoneg genyen ribrik sa nou dwe konen kap baw nou enfòmasyon sou etap nou dwe franchi poun jwen rezilta lè nap fe spò. Ribik pwomosyon ki fè pwomosyon pou atlèt aysyen nou pou body buildè nou yo.
Ribik nitrisyon kap montre moun kijan pou yo manje kisa pou yo manje e kap fè pwomosyon pou pwodiksyon nasyonal. Nou ofri espas piblisite tou.
Objektif gwoneg se fè mete espò an Ayiti nan yon lòt nivo pou Aysyen fè espò ak manje byen tounen yon abitid lakay yo e soutou fè pwomosyon pou atlèt kap viv nan peyi nou …

SA KLIYAN YO DI DE NOU

James-christ Cantave
James-christ CANTAVE pran fòmasyon nan CISCO. James-christ renmen mizik , jwèt sosyete yo. Depi’l piti li se yon pasyone de espò tankou foutbòl ak baskèt. Sa gen twa zan depi James-christ CANTAVE deside chanje vil se sak fè li te chwazi ale nan gym e chanje jan lap manje. Pandan twa zan sa yo James Christ fè de fitness sèl pasyon’l se sak fè li kreye yon estrikti ki rele gwonèg kote li vle ede moun ki deside chanje vi yo, chanje jan yap manje ak fè espò tounen yon abitid jounalye… Pi gwo rèv James Christ se fè KILTIRISM (bodybuiliding) vinn yon espò tankou tout lòt espò yo pratike nan peyi D’Ayiti.