KOURI
Kouri ou » Jogging » se yon aktivite fizik ke moun fè swa pou plezi oswa pou pwofesyon. Kouri fèt a pye, pou yon moun ki fèk ap kòmanse li rekòmande pou’w pa kouri plis ke 10 a 15 minit e pou pa kouri sou yon distans ki pi plis ke 10km/lè … lèw fèk ak kòmanse kouri ou sipoze fè ti mache de tan zan, tan sa ap ede’w develope andirans ou… lè w’ap respire toujou rale lè a nan nen’w e jete’l nan bouch ou pou’w evite sa yo rele « point de cote » ki se yon doulè nan bò vant…
Men 5 avantaj kouri genyen ladan’l
1- li bay misk ak jwenti jam yo plis fòs… li bay tout misk ki anba nan kò’w plis fòs
2- li ede nou pèdi pwa
3- li anpeche’w devlope kèk maladi tankou sik ak tansyon
4_ li bay kè ak poumon plis fòs
5_ li bon pou lespri nou. Kouri ede kombat depresyon , anxiete, estrès
Si’w deside pratike kouri ou byen fèl pou plezi tou chache yon antrenè poul baw : Teknik kouri ak Ekipman ou bezwen
Kijan pouw respire
Kijan pouw bwè dlo

James-christ Cantave
James-christ CANTAVE pran fòmasyon nan CISCO. James-christ renmen mizik , jwèt sosyete yo. Depi’l piti li se yon pasyone de espò tankou foutbòl ak baskèt. Sa gen twa zan depi James-christ CANTAVE deside chanje vil se sak fè li te chwazi ale nan gym e chanje jan lap manje. Pandan twa zan sa yo James Christ fè de fitness sèl pasyon’l se sak fè li kreye yon estrikti ki rele gwonèg kote li vle ede moun ki deside chanje vi yo, chanje jan yap manje ak fè espò tounen yon abitid jounalye… Pi gwo rèv James Christ se fè KILTIRISM (bodybuiliding) vinn yon espò tankou tout lòt espò yo pratike nan peyi D’Ayiti.
CALCULATE YOUR BMI
BMI | Weight Status |
---|---|
Below 18.5 | Underweight |
18.5 - 24.9 | Normal |
25 - 29.9 | Overweight |
30 and Above | Obese |